Nan yon lèt pou Federasyon k ap dirije.

Nan yon lèt pou Federasyon k ap dirije foutbòl an Ayiti e komisyon k ap jere Abit yo, nan jou ki te 1e mas la, SYNAFH ki se sendika ki regwoupe abit nasyonal yo mete gwo dout sou rewouvèti chanpyona nasyonal la ki ta dwe demare Jodi 2 mas la.

Sendika a evoke respè responsab chanpyona yo pa gen pou demand yo te fè pou sa ki gen a wè ak patisipasyon abit yo nan konpetisyon espesyal la.

Sendika a pwofite repwoche federasyon an ki mete deyò yon lis abit ki ta dwe ofisye nan match k ap gen pou jwe samdi 2 ak dimanch 3 mas la san yon akò preyalab ansanm ak yo.

Jounen 2 mas la ta dwe mete fas a fas Cosmopolites SC ak Tempête FC sou Parc Levelt, e Junior Auguste se li ke yo te mete kòm abit pou dirije rankont la. Jiskaprezan poko genyen sètitid sou dewoulman match sila a si pa gen yon antant ant SYNAFH – CONA/FHF.

N ap swiv….