Kylian Mbappe nan Réal Madrid – League sport plus

PAR Jean Abdias Déra4

8 èd tan aprè viktwa merenge yo pou yon 15èm fwa nan istwa yo nan lig dè chanpyon an, klèb la anonse finalman Kylian se nouvo jwè ki gen pou rive nan ekip la sezon ki ap vini an.
Aprè yon latriye ensètitid, jwè ke yo plis konvwate sou planèt la pral pote koulè ti ekip Carlo ANCELOTTI teknisyen italyen an ap mennen an.
Nan yon kominike ki soti nan dat Lendi ki te 3 jen 2024 la, klèb kapital peyi Lespay la anonse pou l di akò avèk ansyen pansyonè Monako a nan peyi Lafrans lan fikse pou senk lane, ki ap fini nan peryod estival ane 2029 la. Ansyen fransilien an ap gen pou li viv yon videyo ki retrase pakou ak karyè pwofesyonèl li antanke foutbolè. Yon karyè kote atakan fransè 25 lane a te pote koulè Wouj e blan yo soti 2016 pou rive 2017
(Monako) ak mayo fransilyen an soti 2017 pou rive 2024 san bliye 2 final koup di mond mesye an dispite nan lane 2018 ak 2022 kote li ranpote edisyon presedan fas ak Luka Modric ak konpatriyot li yo.
Kòk fransè an ki fèt nan lane 1998 la, pat kache kontantman li nan lide kote nan kèk mwa ankò li pral pote koulè ekip rèv li an (Réal Madrid) daprè sa fransè a fè konnen ; : « Se yon dividal la jwa kap jayi nan mwen paske finalman mwen pral jwe pou klèb kèm nan, mwen pa ka tann poum rejwenn nou… ».
Fòk nou sinyale tou, ansyen foutbolè monegas 25 lane an nan yon preparasyon avèk seleksyon fransèz foutbol la nan kontèks koup Ewòp nasyon yo nan zòn Klè Fontèn. Se konsa, ofisyalizasyon li nan Réal Madrid pa posib anvan fen konpetisyon an kap vini la.