America Fc des Cayes, nan difikilte pou al jwe CARIBBEAN SHIELD- League-sport-plus

PAR Jean Abdias Déra

Nan yon kominike, prezidan ekip « Cayenne » lan America FC, Jean Yves Bernard, fè konnen dividal pwoblèm ekip la rankontre anvan pou yo ta deplase al dispite konpetisyon sa nan piyi CURAÇAO.
Prezidan fè konnen nan okazyon sila a li te oblije redwi efektif la de 30 a 25 jwè nan yon premye tan. Konsyan de anplè kriz ekonomik ekip la genyen menmjan ak prèske tout lòt klèb ayisyen, gwoup la te oblije redwi pou yon dezyèm fwa. 7 jwè konnen eksklizyon yo nan 25 ki te rete yo sa ki vin fè rete sèlman 18 jwè nan ekip la.
Sitiyasyon sa montre nan ki nivo Leta ayisyen, ministè espò ak FHF pa gen sousi pou footbòl nan peyi an.
Selon yon sondaj ki fèt a travè kèk moun nan sosyete sivil la, 87 % panse ke espò mal konsidere nan bidjè peyi an ak ajanda enstans konsène yo.
Yon lòt gwoup pat sispann denonse enjerans ki genyen nan ministè jenès espò ak aksyon sivik, pou fè konnen moun kap dirije depi kòmansman deseni saa pa gen ni etik, ni eksperyans pou ta bay espò an yon bourad, foutbòl la espesyalman ki se espò nasyonal peyi Dayiti.
FHF bò kote pal pa epanye tou. Anpil kritik rive jwenn federasyon ayisyèn foutbòl la sitou bò kote sekretè jeneral li, Patrick Massenat sitou nan kontèks America ki gen difikilte pou fè jwè l yo vwayaje.
Malgre CFU te mete 15000 $ disponib men sa pat rive sifi pou ta reponn ak bezwen ekip la. Direksyon klèb sid peyi an fè konnen fòk yo ta jwenn yon 15000 $ siplemantè pou ta ale ak 18 jwè nan peyi CURAÇAO pou dispite konpetisyon an.
Nan sans sa a, prezidan Jean Yves Bernard fè konnen si kondisyon yo pa reyini se 13 jwè ki ap ka fè vwajaj la ak ekip AMERICA FC DES CAYES LA.

Jean Abdias Déra, Leaguesportplus