Chanpyona Nasyonal D1 : Premye jounen an lanse ak entansite ak sispens- League -sport-plus

Par Nanoel Nelson

Faz klòti Chanpyona Nasyonal D1 an la demare sou bon rit, ak yon premye jounen ki te ofri bèl afich, anpil gòl ak gwo entansite sou teren an. Klub yo pa t pèdi tan pou montre anbisyon yo, nan objektif pou pran yon bon depa nan kous pou kalifikasyon an.

Nan Groupe A, Tempête FC pran premye twa pwen li yo apre yon viktwa sere (2-1) sou FICA. Real Hope FA ak Racing FC pa rive separe, yo kite teren an sou yon match nul 2-2, pandan AS Capoise enpoze otorite li ak yon siksè klè 3-1 kont Ouanaminthe FC. Baltimore SC, de son bò, reyalize yon bon kou an deplasman lè li bat Cosmopolites SC 2-1.
Nan Groupe B, Violette AC konfime estati li kòm youn nan favori yo ak yon viktwa 2-1 kont Don Bosco FC, pandan AS Cavaly asire l minimòm lan fas a America FC (1-0). Rankont ki te dwe opoze Juventus FC ak Racing CH la pa t ka jwe, li repòte pou yon lòt dat.
Avèk rezilta sa yo, konpetisyon an deja pran direksyon yon faz kloti ki pwomèt anpil sispens. Chak pwen ap konte, e batay la pou tèt klasman an anonse li palpitant. Fanatik foutbòl ayisyen yo ka atann yo ak yon chanpyona cho, plen emosyon ak sipriz.