Kriz politik la tounen yon viris pou footbòl la!league-sport-plus

Jedi 03 septanm 2019

Redaktè: Jean Charles Joseph

Sitiyasyon peyi a parèt pi konplike chak jou bondye mete chak fwa ou rale yon souf se yon gwo gras ou genyen, sa vin fè menm footbòl la pa epanye.

Nan yon peryòd sete kriz gaz, aprèsa manifestasyon pou gaz ki vin parèt bab pou manton ak antre lekòl la, opozisyon de grenn gòch la tou pwofite moman sa a pou tou bloke peyi a nan miltipliye mouvman chak jou bondye mete pou rele aba prezidan tèt kale a an lokirans S.E.Jovenel Moïse.
Depi lè sa a footbòl la ap konnen move moman 2 joune gentan repòte nan D1 an epi yonn nan D2 a e li pwobab pou blokaj la ta kontinye.

COCHAFOP ki poko konnen ki sen l’ap rele pou vin de bloke l’ nan sitiyasyon lamantab sa a, oblije ap tann ak espwa ke 8e joune a ta jwe nan wikenn kap vini laa. Men sa poko klè ditou paske opozisyon an anonse yon lòt jounen manifestasyon pou vandredi kap 5 oktòb la, yon lòt jounen blokaj ki gen tout chans paralize 8e jounen an ki ta dwe jwe wikenn saa.

Jiskounya komisyon kap òganize chanpyona a poko di anyen pou 8e jounen an. Lap jwe oubyen li pap jwe? Nou pa konnen…..

Ti peyi ti mès!!!

League sport plus
Plus, qu'un magazine sportif,votre destination pour tout l'actualité du football haitien
http://leaguesportplus.com

Laisser un commentaire