Skip to content
PAR JEFF Pierre
Samdi 15 novanm 2025, Tempête Football Club ak Racing Football Club te louvri dezyèm jounen Lig Ayisyèn de Foutbòl (LHF) ak yon match ki te fini sou yon rezilta 1-1. Malgre bon efò chak ekip, yo pa t ka separe youn de lòt sou plan skor. Match la te jwe ak anpil angajman, kote chak ekip te montre volonte pou pran twa pwen yo, men yo te oblije kontante yo ak yon pwen chak.
Rosemond Olive frape an premye
Tempête FC, ki te resevwa match la lakay li, te byen demare epi te jwenn premye gòl la nan premye mitan an. Se te Rosemond Olive ki te pran responsabilite sou penalti nan 35yèm minit la pou mete Tempête FC devan sou tab skor la. Penalti a te rive apre yon aksyon ofansiv kote youn nan jwè Tempête yo te sibi yon fot nan zòn penal la. Olive pa t rate okazyon an, li voye balon an fon filè a san pèdi tan.
Racing FC reponn nan 2e mitan an
Men, Racinistes yo pa t lage. Yo tounen devan ak plis agresivite nan dezyèm mitan an e yo te jwenn rekonpans yo. Nan 62yèm minit, Claudeson Stanley Ceus te mete balon an dèyè gadien Tempête la pou mete de ekip yo egal. Gòl sa a te bay plis vivasite nan match la, kote tou de ekip yo te kontinye ap chèche yon dezyèm gòl, men defansè yo te kenbe tèt yo
Tempête FC kontinye ak seri match nul yo
Avèk rezilta sa a, Tempête FC kontinye ak yon seri de match san viktwa. Apre yo te jwe 0-0 ak FICA nan premye jounen an, match nul sa a montre ekip la poko jwenn bon ritm li pou sezon an. Antrenè a gen anpil travay pou l fè pou mete ekip la sou bon chemen si yo vle jwe wòl lidè nan chanpyona a.
Yon lig ki deja montre konpetitivite li
Match sa a montre nivo konpetisyon ki genyen nan Lig Ayisyèn de Foutbòl la. Chak ekip ap batay pou chak pwen, e se evidan ke pa gen okenn match ki fasil. Pandan sezon an ap kontinye, tout je ap fikse sou sa ekip yo ap pote chak wikenn.